Intro]
Malgre tout problèm difikilte nap batay
Nou jèn nou ka travay
Tout diplòm yo la nap viv san espwa
Move lavi sou do nou pilou ke yon kwa
Nap viv san destinasyon san lwa
Kilè nap sispann viv sou fatra
[Refrein]
Hmmmm map diiiiii mèsi letaaa
Yo men'm ki koz nap viv nan move etaaa
Yo met lavi nou anretaaaa
Yo men'm ki koz nou nan eta saaaaa....
[Verse]
Yèe yo manipile nou lè yo vle.
sou do nou pil biyè ap konte.
poutan lavi chè ap ogmante.
Nou paka jwen bonjan sante.
Nan pwòp kay nou. Nou paka rete.
Biznis nou ap boule lajan eskont nou prete.
Malgre nou ayisyen la nou paka rete.
[Refrein]
Hmmmm map diiiiii mèsi letaaa
Yo men'm ki koz nap viv nan move etaaa
Yo met lavi nou anretaaaa
Yo men'm ki koz nou nan eta saaaaa....
[Verse]
Nou pat manje pwa pouki se nou kap bay lapire
Majorite jenès la fin evakye
Leta demisyone
Anyen pap fonksyone
Kilè nap sispann viv tankou sikopat
Nou pabèt feròs kat pat
Nou bezwen yon leta kap panse pou nou
Yon sitwayen kap kap rache kap chache pou nou
Nou bezwen zam kap konstwi peyia
Pa pou lagè
Move moman yo kite nan bouch nou twòp gou anmè
Yahhhh It's Snydas