Stevens, gang gang 🔥
Nou la toujou, pa gen moun ka pran plas mwen
Nèg yo pale men yo pa ka fè sa m fè
Nan lari a mwen leve, mwen konn kijan pou m jwe
Gang gang, nou solid tankou beton
Lè nou pase tout moun rete nan pozisyon
Pa gen trayi, se lajan ak vizyon
M ap monte chak jou, m pa bezwen pèsonn
Yo te doute, yo te di m pap rive
Kounye a yo wè m, yo oblije respekte
M ap chase rèv mwen, m pa ka kanpe
Menm si lavi di, mwen pare pou m lite
Nan nwit la m ap travay, pa gen repo
M gen plan mwen, m pap janm rete low
Lavi a se batay, fòk ou kenbe tèt wo
Si ou pa solid, yo ka fè w tounen zewo
Gang gang, STARVENNS sou track la
Flow mwen frèt tankou glas Alaska
M ap boule beat la, pa gen match la
Tout sa m fè se dife, pa gen rachat la
M soti anba, kounye a m ap briye
Tout sak te ri yo oblije gade m leve
Pa gen limit, m ap kontinye monte
Jiskaske non mwen make nan list gwo tèt
STARVENNS, gang gang 🔥
Nou pa janm dòmi, nou toujou anvan
Si ou pa pare, pa rantre nan plan
Paske lavi sa a pa pou timoun jwe ladan