Tit : “Sikatris Yo Pa Vizib” 💔🎤
(Intro)
Hmm hmm…
Dalebren…
Gen doulè moun pa janm wè… 🥺
(Verse 1)
Frè… pi gwo sikatris mwen yo pa vizib
Mwen konn souri pandan kè m fin brize
Anpil fwa mwen kriye san bri nan nuit
Paske lavi aprann mwen soufri an silans vit
Yo wè fòs mwen, yo pa wè feblès mwen
Yo wè mwen kanpe, yo pa wè doulè mwen
Anndan kè m gen mak tan pa efase
Men chak maten mwen fòse tèt mwen avanse
(Refrain) 🎶
Frè🥺 pi gwo sikatris mwen yo pa vizib 💔
Se batay lavi kite mak sou lespri m
Mwen aprann kache dlo dèyè souri
Pandan m ap goumen pou m pa fini…
Frè🥺 pi gwo sikatris mwen yo pa vizib 💔
Men Bondye toujou kenbe m vivan
Menm lè tout bagay sanble fini
Mwen kenbe espwa pou demen beni…
(Verse 2)
Gen moun mwen te renmen ki vire do ban mwen
Pwomès yo te fè tounen pousyè nan men mwen
Mwen pèdi anpil, mwen aprann rete fò
Men kèk nwit doulè fè m pa ka dòmi ankò
Lavi frape m fò men m toujou kanpe
Menm lè tanpèt vle fè rèv mwen chavire
Dalebren toujou kenbe lafwa nan kè l
Paske apre lapli solèy toujou leve… ☀️🙏🏾