[Intro]Lorenn-Djy M'rele
[Verse 1]
Depi jou mwen wè w la, kè mwen pran dife tou dousman
Jan ou souri ban mwen an, fè m pèdi tout direksyon
Lè ou pase bò kote m, mwen santi vanm chanje koulè
Ou tankou yon bèl rèv, mwen pa vle leve
fayou, paske lè ou la tout doulè disparèt
Ou fè m santi lanmou poko janm fini, fayou
[Chorus]
Se ou mwen vle, baby
Se ou k fè kè m bat konsa
Se ou mwen vle, cheri
Pa kite m mache poukont mwen la
Kenbe m fò, pa lage m
Ann danse lanmou anba lalin nan
Se ou mwen vle, baby
Pou tout lavi rete la
[Verse 2]
Lannwit lè m poukont mwen, se figi w sèlman m ap gade
Nan rèv mwen chak swa, se avè w m anvi rete
Ou se chalè nan frèt mwen, ou se limyè nan fènwa m
Si lanmou gen yon non, m ta rele l ak non pa w fayou
Paske lè ou la, tout doulè disparèt
Ou fè m santi lanmou poko janm fini, fayou
[Chorus]
Se ou mwen vle, baby
Se ou k fè kè m bat konsa
Se ou mwen vle, cheri
Pa kite m mache poukont mwen la
Kenbe m fò, pa lage m
Ann danse lanmou anba lalin nan
Se ou mwen vle, baby
Pou tout lavi rete la
[Bridge]
Si yon jou lapli tonbe, m ap la pou pwoteje w
[Chorus]
Se ou mwen vle, baby
Se ou k fè kè m bat konsa
Se ou mwen vle, cheri
Pa lage m poukont mwen la
Kenbe m fò, pa lage m
Ann danse lanmou anba lalin nan
Se ou mwen vle, baby
Pou tout lavi rete la
[Outro]
Se ou mwen vle, fayou
Fayou, Fayou