[Intro]
Chwa pam
[Verse 1]
Lèw pala m pa viv e lèw la mwen adikte san ou m paka konsole chak Jou se kriye map kriye san ou m pèdi bon sans mwen ou se anti strès mwen
[Verse 2]
Lèw pala vim paralize m tankou moun ki anraje m tounen yon vye chòche map chèchew nan tout raje menm fanmim paka konprann mwen gen sak dim fou gen sak dim anraje siw pap la dim poum deside vin dim siw pap avèm sou tè poum pa abite san ou m santim enkonplè plas mwen pa dwe isit la ankò
[Chorus]
Manmanm te mèt pa vle m fè chwa pam nan papa te mèt vle m fè chwa pam nan tout pawòl paranm ap pale yo se fab pou kimen lanmou ann jete tout vye dechè poun fè yon sèl poun jwenn sous lanmou
[Chorus]
te mèt vle m fè chwa pam nan tout pawòl paranm ap pale yo se fab pou kimen lanmou ann jete tout vye dechè poun fè yon sèl poun jwenn sous lanmou
[Outro]
Se pou lanmou montre wout la, kè m jwenn lapè