[Intro]
Rèv mare nan chenn, men lespri pa janm prizonye
Tan ap vire sèk, men desten pa janm abandoné
M pale ak lonbraj mwen, li reponn ak kestyon kaché
Ki valè libèté si tout rèv fèt pou yo raché ?
[Verse 1]
M soti nan soufrans sikolojik,
sistèm sinik ap simaye panik
Panse metafizik, travèse kriz,
nanm mwen chaje dinamik
Mistik nan diskou m,
mizik tounen mekanik profetik
Politik ipokrit yo pratike taktik dramatik patetik
Rèv sou chenn,
men lespri m gen pouvwa telepatik
Pozisyon plim mw militan,
pawòl mwen son matematik
Sosyete se teyat trajik, aktè yo tout otomatik
M pote verite piramidik, sakre tankou kòd ermetik
M nan labirent ekonomik, ak presyon sistematik
Pèp la tounen statistik, anba lòd biwokratik
Men m ekri avèk stil kaligrafik, panse filozofik
Flow mwen son tankou relik antik, son esoterik
[Verse 2]
M chèche liberasyon espirityèl nan zòn paradoksal
Konsyans transandantal m ap monte sou plan astral
Viv anba chenn materyèl se prizon emosyonèl fatal
Men pawòl revolisyonèl ka kraze kòd kolonyal
M deplwaye vès poliritmik, ak sonorite simbolik
Rim aliteratif, konbine ak presizyon melodik
Lavi se jwèt enigmatik, move lespri dogmatik
M reponn ak diskou didaktik, frape yo ak lojik dramatik
Nan sistèm oligachik sa, rèv tounen bagay utopik
Men mwen ekri ak dife atomik, pawòl mwen tounen tonik
M kwaze verite ak taktik, bati panse monolitik
Pou kraze baryè tiranik ak vwa profetik kritik
[Verse 3]
Nan refleksyon metaforik, m wè mond lan mekanik
Imèn tounen robotik, lanmou vin sentetik plastik
Mwen rete otantik, panse m toujou analitik
Rap mwen pa dekoratif — li fon, epistemolojik
M soti nan castro doulè istorik, pote leson jenerik
Nanm mwen pa janm domestik, rèv mwen pa janm estatik
M rapé ak son galaktik, vibrasyon kosmik mistik
Kraze tout chenn psikik avèk pawòl matematik
Si rèv sou chenn se trajedi, m fè l tounen epik
Si lavi vin ironik, m reponn ak vès stratèjik
JAY HOOD bati wayòm poetik, ak prensip monastik
Fifth Kingdom nan tan kap vini —