Mwen sonje ou
Mwen sonje ou
Tout bèl moman ke nou pase
Tout bèl kote t konn ale
Ou te limyè ki nan fè nwam
Ou te solèy ki pou briyem
Ou t kleren konn soulajem
Nan tout doulèm
Ou t la pou mwen
Mwen renmen ou
se ouk lavi mwen
Tanpri tande ti kri kè mwen
Lanmoum pou ou
Pap janm chanje
Chak jouk pase
Mwen boulvèse
Absans lanmouw
Kap trakase m
Mwen pa anpè yon jou
Mwen t damouw doudou
Mwen remake,ke ou bliyem
Mwen santim blese
Anndan fon kèm
Siw pa tounen
Map trepase
Twòp tan pase cheri
Twòp vid rete nan mwen
Mwen pa konble bby
Sikatris lanmouw nan mwen
Tanpri tounen nan vim
Poum kontinye lavim
Absans li ka fèw santi
Lèl pala kijanl mankew
Sa ka yon prèv kèw
Pou lanmouw pouli
Men tou pou absans lan
Sa ka koz gwo soufrans
Lè lanmou demere souvan
Yon minit sanw pa tandel
Se dèzane kape kwoule
Yon jou san kominike
Se kòm tout yon etènite ki egziste
E sim egziste poum reziste
Se rezilta yon lanmou ki sibziste
Sibziste malgre bòy kotaj
Bòy kotaj nan antouraj
Malgre tout tapaj
Narive konstwi premye etaj
Baz lanmou nou
Rezon kifè absans ou
Atriste pase e menm prezan lanmou nou